Règ sou enfòmasyon konfidansyèl

Sit sa a annakò ak [Règ sou enfòmasyon konfidansyèl] sa a (https://www.jw.org/en/privacy-policy/). Anplis règ sou enfòmasyon konfidansyèl nou an, enfòmasyon ki vin annapre yo fèt espesyalman pou delege yo ak volontè ki nan kongrè Temwen Jewova yo.

Delege yo ak volontè yo.

Delege ki ranpli yon aplikasyon pou yo asiste yon kongrè entènasyonal oswa yon kongrè espesyal Temwen Jewova yo te bay enfòmasyon pèsonèl yo, tankou non yo, dat yo fèt la, adrès yo, nimewo telefòn yo ak lòt enfòmasyon ankò. Nan aplikasyon yo te ranpli a delege yo te deja dakò pou Biwo filyal Temwen Jewova kote y ap òganize kongrè a sèvi ak enfòmasyon sa yo, sa gen ladan l moun k ap sèvi epi k ap travay ak komite lyezon ospitalye yo ki pwograme evènman ak aktivite ki lye ak kongrè a. Anplis de sa, delege yo dakò pou voye enfòmasyon pèsonèl yo bay otèl yo te chwazi yo, lòt asosyasyon ki asosye ak yo ansanm ak lòt founisè yo genyen, nan pwosesis y ap fè pou yo fè rezèvasyon an ak kèlkeswa lòt enfòmasyon pou yo ka rete nan otèl la. Delege yo dakò yo kapab voye enfòmasyon pèsonèl yo tou bay yon Biwo filyal k ap òganize yon kongrè oswa bay yon òganizasyon ki nan yon peyi ki pa pwoteje enfòmasyon yo menm jan ak peyi kote delege a ap viv la.

Moun ki volontè pou ede Biwo filyal k ap òganize kongrè a mete yon seri enfòmasyon sou sit sa a tankou non yo, dat yo fèt la, adrès yo, nimewo telefòn yo ansanm ak lòt enfòmasyon. Lè volontè yo t ap voye enfòmasyon yo ale sou sit sa a, yo te dakò pou Biwo filyal Temwen Jewova k ap òganize kongrè a ansanm ak moun k ap sèvi oswa k ap travay ansanm ak komite lyezon ospitalye yo sèvi ak enfòmasyon sa yo.

Delege yo ak volontè yo kapab gen aksè ak enfòmasyon pèsonèl yo te voye yo nan seksyon konekte ki sou sit sa a. Komite lyezon ospitalye yo gen aksè ak enfòmasyon pèsonèl delege yo ak volontè yo sou sit sa a, konsa y ap kapab pran swen delege k ap asiste yon kongrè nan zòn kote yo ye a epi y ap ka pran kontak ak volontè pou vin ba yo koutmen. Yo sèvi ak enfòmasyon pèsonèl delege yo sèlman pou ede nan òganize vwayaj, vwayaj ki gen rapò ak bezwen yo, e pou òganize aktivite ki pou fèt pandan kongrè a oswa ki gen rapò ak kongrè a pou delege yo. Y ap sèvi ak enfòmasyon pèsonèl volontè yo sèlman pou sèvis volontè ki gen rapò ak kongrè a ansanm ak kèlkeswa aktivite ki gen rapò ak kongrè a.

Chak komite lyezon ospitalye pral gen aksè sèlman ak enfòmasyon pèsonèl delege ki asiyen nan kongrè k ap fèt nan vil yo a ansanm ak volontè pou kongrè sa a. Y ap sèvi ak enfòmasyon sa yo sèlman lè y ap planifye yon kongrè e nan kad aktivite ki gen rapò ak kongrè yo. Y ap efase enfòmasyon sa yo apre kongrè a depi yo pa bezwen yo ankò.

Delege yo ansanm ak volontè yo kapab chwazi pa bay enfòmasyon pèsonèl yo oswa yo kapab mande pou yo retire enfòmasyon pèsonèl yo sou sit sa a. Lè sa rive, yon delege gendwa pa kalifye ankò pou l asiste kongrè a, e yon volontè gendwa pa kalifye ankò pou l sèvi kòm volontè.

Ou kapab jwenn kèlkeswa enfòmasyon anplis konsènan fason yo sèvi ak enfòmasyon w yo, sa gen ladan l kèlkeswa enfòmasyon pèsonèl yo voye ale oswa dwa w genyen ki asosye ak enfòmasyon sa yo, nan paj [Règles mondiales d’utilisation des données personnelles] (https://www.jw.org/fr/regles-de-confidentialite/regles-mondiales-donnees-personnelles//). Ou kapab jwenn enfòmasyon sou fason nou sèvi ak cookies ansanm ak lòt teknoloji ki sanble ak yo nan paj Règles mondiales d’utilisation des cookies et technologies similaires.